top of page
  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • YouTube

Bètleyèm Jakè reyalize yon seri fòmasyon pwofesyonèl pou amelyore sèvis kominikasyon li yo

Dernière mise à jour : 13 juin


ree

Fòmatè a, Lincoln ABRAHAM, ki t ap bay yon presizyon. [Kredi Foto : Géthro DURAND]


Nan yon efò pou amelyore kalite foto ak retransmisyon an dirèk li, Legliz Advantis Bètleyèm Jakè, atravè ekip kominikasyon li a, ansanm ak jounalis, fotograf ak videyograf Lincoln Abraham, te òganize yon seri fòmasyon espesyalize ki te dewoule sòti 4 me rive 1 jen 2025. Fòmasyon sa yo te vize aprann teknik pou fè live streaming, fotografi ak videyografi.


Nan yon epòk kote teknoloji vin tounen yon zouti endispansab pou kominote relijyez yo, patenarya sa a se yon gwo opòtinite pou ekip kominikasyon Jakè a amelyore kapasite li nan sèvi legliz la ak kominote a. Edner Saincombe, nouvo direktè kominikasyon legliz la, fè konnen objektif fòmasyon sa a se prepare ekip la pou l sèvi ak bon kalite materyèl, epi pou amelyore fason yo kominike sou rezo sosyal yo. Nou fè sa tou, pou ekip la jwenn mwayen achte bon jan materyèl pou l travay, se sa li presize.

ree

Direktè kominikasyon an, Edner SAINCOMBE, ki t ap pale nan moman yo t ap remèt sètifika yo. [Kredi Foto : Géthro DURAND]


Fòmasyon an te fèt anba tèm "Wòl ak enpòtans medya sosyal nan epòk dijital la" e li te dire senk dimanch youn apre lòt. Plis pase ven patisipan te benefisye fòmasyon an, yo te resevwa sètifika pou sèvi pi byen nan legliz yo ak nan kominote yo.


Kèk patisipan tankou Cindy ak Thertou pataje apresyasyon yo, yo di fòmasyon an te ouvè je yo sou jan pou yo sèvi ak teknoloji modèn nan yon fason pwofesyonèl pou prezante mesaj legliz la. Pierre V. Horacius ajoute : "Jwenn yon depatman kominikasyon dinamik konsa pou mete yon pwogram nan nivo sa a, trè ankourajan nan lèv advantis la. Mwen felisite tout ekip la ansanm ak fòmatè a ki te bay tout yo menm." Lincoln Abraham te mete aksan sou enpòtans fòmasyon an pou jèn yo kapab jwe yon wòl kle nan ranfòse imaj legliz la atravè medya sosyal.

ree

Peter BEAUSÉJOUR, youn nan patisipan yo, ak sètifika li a [Kredi Foto : Géthro DURAND]


Nan fen fòmasyon an, ekip kominikasyon an te lanse yon apèl bay tout moun ki enterese sipòte inisyativ sa a pou yo kontribye, ede yo achte bon ekipman teknik ki nesesè yo, tankou kamera pwofesyonèl, mikwofòn, ak lòt aparèy ki pral ede amelyore sèvis kominikasyon legliz la.


Fòmasyon sa a make yon premye etap enpòtan nan plan Legliz Advantis Betleyèm Jakè pou devlope yon estidyo pwofesyonèl, ki pral sèvi legliz la menm jan ak lòt òganizasyon kominotè nan zòn nan.


Avèk efò sa yo, Legliz Advantis Betleyèm Jakè mete tèt ansanm pou adapte misyon espirityèl li a nan yon mond kote teknoloji ap jwe yon wòl san parèy, e konsa li vin pi pre fidèl li yo ak kominote a nan yon fason ki pi modèn, efikas, ak angaje.

Commentaires


#36, Jacquet Toto prolongée, Delmas 95

   Port-au-prince ( Haiti )

À propos

Comme toute église chrétienne, l’église adventiste du septième jour est une communauté de foi enracinée dans les croyances contenues dans les Saintes Écriture.

L'Église adventiste de Bethléem de Jacquet s'engage à proclamer l'Évangile du salut en Jésus-Christ à travers l'enseignement de la Bible et le témoignage personnel.

Politique de cookies

Mentions légales

Politique de confidentialité

©2021 par Eglise Adventiste Bethléem de Jacquet.
Département des Communications

bottom of page