top of page

QUI SOMMES-NOUS

Okòmansman li te yon lekòl saba anèks

Se te yon saba aprè midi 20 fevriye 1988, yon gwoup kwayan advantis te reyini pou yon pwogram lekòl saba anèks, lakay sè Jeannette Pierre [sè Jean Dorival] Jacquet Thybull. Kwayan sa yo te manm legliz advantis Béthel "Rue du peuple". Pami yo ; sè Sylvie Fils-Aimé, sè Jean Dorival, elatriye..

Saba suivan an ki te 27 fevriye, plizyè lòt kwayan advantis vin agrandi ekip la : sè Mélanie ak mari l Matthieu André, manm Bethanie petyonvil, fanmi Joel Dumé, Sony Joseph ak madanm li Henriette Bernard, ki te ansent nan epòk la, pitit gason l Stanley Josile Joseph, ki te vin premye bebe nan ekip la kèk mwa apre.

Kèk jou ankò, nan yon vizit misyonè ekip la fè lakay frè Joel Dumé ki te malad, zòn Lindor, sè Joel pwopoze pou yo fè sèvis mèkredi swa. Menm jou a, sè Sylvie plonje kot pastè Germain Joseph ki t ap dirije distri Béthanie petyonvil, li pataje sa ak li. Pastè a twouve lide a bon. Li bay otorizasyon l epi li tou pwomèt l ap preche mèkredi k ap vini apre a. Premye mèkredi a ki te 9 Mas sè Sylvie preche nan sèvis la, mèkredi apre a ki te 16 Mas, pastè Germain preche jan l te pwomèt li a. Kòm rezilta, 2 moun pran desizyon ; se te Rénel ak Yvon.

Pierre Richard Vergin, yon ansyen Nérija vin aprann moun Jacquet fè legliz pa yo, kòmkwa se ta Davidyen. Li debake kay sè Jean Dorival pou l al konprann tèt ak pye koze a. Se konsa, apre esplikasyon yo ba li, li tèlman satisfè, li pwopoze yon chantye misyonè prese prese. Chantye sa a, se Michel Henry, yon ansyen Nérija ki te preche l lakay sè Jean Dorival.

Lekòl saba anèks la òganize tèt li an gwoup

Te vin genyen yon latriye lòt kwayan advantis ki sòti Dèlma, Petyonvil, Wout frè ki rejwenn ekip la. Sa te pote gwo ankourajman jis li pèmèt lekòl saba anèks la transfòme tèt li an gwoup.

Yon komite te vin parèt nesesè pou dirije gwoup la. Tout moun yo te dakò antann yo sou sa. Se konsa, premye komite gwoup la te vin fòme. Li te gen nan tèt li :

• Pierre Richard Vergin ki te jwe wòl premye ansyen
• Nicole Henry, direktris lekòl saba
• Sylvie Fils-Aimé, Direktris ministè pèsonèl
• Bélanie André [Sè Laméry], responsab dyakona
• Mirlande Pierre, Trezoryè, ak lòt ankò...

Se menm desizyon sa a ki te tou debouche sou premye kil adorasyon gwoup la saba 2 Avril 1988, lakay sè Jean Dorival nan Jacquet Thybull.

Gwoup la grandi vit

Gwoup òganize a tèlman grandi vit. Kay sè Jean Dorival la vin kòmanse twò piti. Byeneme a te gen yon kokenn boutik, li te oblije deplase l al mete lòt kote pou kreye espas. "Sè Jean te mete prèske tout sal genyen nan sèvis gwoup la", selon temwayaj sè Sylvie Fils-Aimé, ki rapòte ; boutik la te menm rive kraze, tèlman sè Jean te vle gwoup la grandi.

Premye seremoni sent sèn gwoup la

25 Jen 1988, se te trèzyèm saba trimès Avril-Me-Jen, gwoup la reyalize premye seremoni sent sèn li. Sa rete klè nan tèt sè Sylvie ki fè konnen ; te gen 49 moun o total ki te patisipe. Pami yo, li site non frè Joel Dumé, ki te resevwa sent sèn nan lakay li akòz maladi a te getan mete l kouche depi plizyè semèn.

N ap note, Depi lè frè Joel malad la, sè Jean ak plizyè lòt moun nan ekip la te toujou òganize yon pwogram veye priyè lakay li. Jou saba sent sèn nan, pastè Germain ki t al ba li lakominyon an temwanye, malad la te pwofite konfye l ;

"l ap mouri nan lannuit samdi 25 Jen an, e se li kòm pastè ki pou chante antèmanl Chòy di chòy fèt, frè Joel Dumé mouri nan dimanch 26 Jen 1988 ki te suiv sent sèn nan aprè yon kokenn veye priyè lakay li nan "Lindor.

Vin gen nesesite pou yon lòt espas

Gwoup la te rive a yon moman kote li te tèlman ranpli, nesesite pou yon lòt espas la te parèt aklè. Se lè sa, frè Vilneuve Pierre Louis, yon ansyen Béthanie, vin fasilite ekip la yon espas nan Jacquet Toto, tou prè won pwen yo rele ti sèkèy la. Espas sa se te pwopriyete yon frè madanm ansyen an.

Nan yon premye tan, yo te vle prete gwoup la 2 chanm nan kay la, ki te gen moun ladan, pou 2 lane. Men, frè Luc Joanem, nan sousi pou espas la te endepandan, te entèvni pou l di ; l ap miyò si yo akòde gwoup la ti teren ki sou kote kay la. Konsa, yo a va konstui l pou yo adore an atandan yo jwenn lòt posibilite.

Aprè yo fin dakò, ti legliz la konstui sou 22 jou. Li potko menm fin konstui li te getan twò piti. Se konsa gwoup la kite kay sè Jean Dorival nan Jacquet Thybull pou l ateri nan nouvo espas sa a Jacquet Toto prolonje an janvye 1989.

Premye kwazad gwoup la reyalize

Ant fen Janvye antre Fevriye 1989, gwoup la lanse premye kanpay evanjelik li nan Jacquet Toto prolonje. Se te ansyen Vilneuve Pierre Louis ki te preche l. 29 moun batize lè sa a. Pami yo ; Pierre Dumé, Calixte Gracia, Marc Claude Junior elatriye...

 

Premye nominasyon ti legliz la fèt nan mwa desanm 1989

 

• Frè Lunel Docteur, ki te sòti legliz advantis Eben Ezer, se te premye premye ansyen legliz la ;

• Marc Sony Joseph, premye trezorye legliz la

• Sè Lunel Docteur ; premye direktris ECOSA

• Sylvie Fils Aimé, premye  direktris Jenès

• Sè Joel Dumé, Premye direktris dyakona 

Fanmi Théodore fè gwoup la don yon bèl teren nan Jacquet

 

Nan lane 1994, kèk mwa anvan anbago, te gen yon  òganizasyon ki te rele Maranatha ki te konn ap distribiye tant tout kote nan peyi dAyiti ki te bezwen legliz. Kòm kondisyon delijibilite, legliz la te sèlman bezwen posede yon teren. Malerezman gwoup advantis Jacquet yo alepòk potko genyen teren. Sa ki vle di, yo pat pare ditou pou pwofite avantaj la.

 

Sylvie Fils-Aimé esplike, Fanmi Rama Théodore te vin okouran de sitiyasyon an. Yo te gen yon teren Taraz, zòn laboul alòske M. Jean Mossanto Petit [Toto] te gen yon bèl tèren nan Jacquet Toto pwolonje, piba ti legliz la. Fanmi Théodore antann ak Toto, yo ba li ekivalan teren li an Taraz epi Toto ba yo Teren Jacquet a. Se teren sa a fanmi Théodore ofri kòm don a gwoup kwayan advantis Jacquet yo nan lide pou te fasilite yo benefisye tant Maranatha t a pral bay la.

 

Ekip la ki te kontan anpil pou gwo mirak sa a, te degaje l kou mèt Jean Jacques, li amenaje teren an rapid rapid, nan sousi pou yo benefisye tant la sou teren an. 

 

Malerezman, peyi a vin sou anbago, Tant yo vin paka antre, Maranatha vin oblije kanpe travay li tap fè yo nan peyi a. Se konsa, ti legliz la tou pèdi posibilite a.

 

Manm yo deside konstui legliz la sou teren an

 

Apre obstak anbago a, manm yo pat dekouraje. Yo te konsidere, Bondye te sèvi ak motif tant la pou pèmèt yo posede teren an. Yo te redouble efò yo epi deside konstui legliz la ak fèb mwayen yo. Pami moun ki te travay sou plan konstrisyon legliz la, te gen pastè Jean Emmanuel Gordon, enjenyè Jean Rélus Jean,  Kontremèt Clotaire Noël, mason Paul Louitil, Kontremèt Matthieu André, kontremèt Wilner Guerrier elatriye...

 

Apre travay konstriksyon yo te fin lanse nan ane 1994-1995 yo, te vin gen Coriolan André, ki te vin responsab konstrisyon legliz la. Akòz amitye li te genyen ak fanmi Marcel Laurent, ki pat advantis, li te envite yo sipòte l pou konstriksyon legliz la. Moun sa yo, ki te gen anpil estim pou li, te asepte sipòte travay yo san grate tèt.

 

Se konsa, fanmi Marcel Laurent rive ede konstui legliz advantis Bethléem Jacquet. Anplis, yo bay chèz yo, piyano a, pitit li Yves Laurent voye lajan pou legliz la elatriye...

 

Ki kote non Bethléem nan sòti ?

Nan lane 1996, Aprè 7 an nan ti legliz la, espas ansyen Vilneuve Pierre Louis te fasilite a, anfen legliz la travèse nan konstriksyon ki fèt sou teren fanmi Rama yo te bay la, malgre li pat ko fini. Se nan menm epòk sa a, tousuit legliz la fin enstale l, dirijan yo te santi nesesite pou legliz la gen non. Daprè Sylvie Fils Aimé, se Ferrère Michel ki te pwopoze non "Bethléem" nan ki vle di " Maison du pain"

 

Legliz la dedikase nan lane 2006

bottom of page